WASHINGTON, DC. —
Dirijan Opozisyon Demokratik ak Popilè a, ki t ap patisipe nan yon konferans pou laprès sou manifestasyon Sektè Pwotestan an prevwa pou dimanch 28 fevriye a, pwomèt pou yo solidarize yo avèk inisyativ sa a. Mèt André Michel, ki te pran lapawòl nan sikonstans la nan non leadership OPD a, di mouvman dirijan pwotestan yo lanse a montre ke kounyela a pwotestasyon anti-gouvènmantal yo se zafè tout sektè nan peyi a. Li deklare:
"Les manifestations ne sont plus l'affaire de l'opposition. Les manifs sont devenues une affaire multi-sectorielle."
Nou envite w suiv yon ekstrè deklarasyon Mèt Michel fè..
.Mèt André Michel, youn nan dirijan Opozisyon Demokratik ak Popilè a.