Retablisman FAD’H (Fòs Zame Dayiti) ou kreyasyon yon lòs fòs sekirite, rete toujou yon kesyon k ap domine aktyalite a nan peyi a.
Prezidan Michel Martelly an favè kreyasyon fòs sa a e ansyen militè yo pa sispann atire atansyon sou dispozisyon konstitisyonèl ki prevwa egzistans yon fòzame a kote PNH (Polis Nasyonal Dayiti).
Kisa ansyen kolonèl Himler Rébu panse sou kesyon sa a? Ki konsekans kreyasyon yon fòzame kapab genyen sou plan sosyal, politik e legal? Misye Rébu bay opinyon n nan yon entèvyou avèk Jean-Pierre Leroy.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean Pierre Leroy ak Kolonèl Rébu.