Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton fè konnen gouvènman ayisyen an dwe fè plis efò toujou pou l ede rezoud kriz politik peyi Dayiti ap travèse akoz eleksyon prezidansyèl konteste yo.
Madan Clinton --ki t ap pale lendi 13 desanm nan, di yon gwo senatè ameriken, Patrick Leahy (Demokrat Eta Vermont) mande pou gouvènman ameriken an jele èd ki pral jwenn Ayiti, e sa, daprè chèf diplomasi amerikèn nan-- se yon gwo siyal kòmkwa Lèzétazini atann li aske gouvènman ayisyen an mete plis devouman nan rechèch yon solisyon pou kriz la.
Sekretè Deta Clinton fè deklarasyon sa a nan vil Wakefield, o Kebèk, Kanada, kote li t ap rankontre tokay meksiken e kanadyen li.
Senatè Leahy mande tou pou Administrasyon Obama a pa bay okenn gwo responsab ayisyen viza pou yo antre isit Ozetazini toutotan yo pa chache rezoud pwoblèm ki lye ak eleksyon prezidansyèl yo.