Isit Washington, Prezidan Barack Obama fè konnen rejim lidè libyen an, Mohammar Kadhafi, konnen trè byen gouvènman n nan prèske rive nan bout li nan moman kominote entènasyonal la ap ogmante presyon sou rejim nan.
Nan yon entèvyou Misye Obama bay yon chèn televizyon yè madi 29 mas la, li di kòd la ap vin pi sere nan kou misye Kadhafi, e pwòch kolaboratè l yo ak tout moun ki antoutre l yo deja rekonèt yo pa gen lontan ankò pou yo pase sou pouvwa a.
Daprè misye Obama toujou, sa kominote entènasyonal la bezwen kounyela a, se ogmante presyon diplomatik la yon fason pou lidè libyen an pran desizyon pou l kite pouvwa a. Li kontinye pou l di, rezon dèt patisipasyon Lèzetazini nan kowalisyon ki fè entèvansyon nan Libi a, se pou pwoteje lavi inosan.
Se pou voye yon siyal klè pou n di Lèzetazini Damerik ak Lemond kanpe avèk sila yo k ap chache pran destine yo an men, pandan yo libere anba laperèz e yo gen libète pou yo reve yon jou kote yo menm tou, yo va kapab viv nan lajistis ak diyite. Esansyèlman se sa ki reprezante lidèchip Lèzetazuni ; se sa ou fè lè ou se yon lidè.
Depi plis pase yon semèn deja, avyasyon militè fòs entènasyonal la ap vide kout-zam sou fòs k ap defann gouvènman libyen an, nan kad aplikasyon yon rezolisyon l’ONU ki otorize etabliman yon zòn ayeryen entèdi. Prezidan Obama fè konpliman pou kohezyon ak antant manm koalisyon sa a montre.
Prezidan Obama pale pou l di: "Se konsa komunote entènasyonal-al dwe travay. Plizyè nasyon mete ansanm ; Ou jwenn Lèzetazini nan mitan operasyon an ; men li pa pou kont li."
Se konsa tou, puisans mondyal-yo pran kèk sanksyon ekonomik kont rejim Kadhafi a. Nan yon rankont plis pase 40 minis afè etranjè ak reprezantan divès òganizasyon entènasyonal fè yè madi-la nan vil Lond, ann Angletè, yo tout mete yo dakò pou di misye Kadhafi fèt pou kite pouvwa- a. Pandansetan delege sa yo ap ogmante kontak yo ak rebèl libyen yo sou yon tranzisyon politik nan peyi Libi.