Accessibility links

Breaking News

Opinyon Prezidan Kolonbyen an sou Hugo Chavez

Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez agoch, ak Prezidan Kolombyen an Juan Manuel Santos (foto achiv AP Photo/William Fernando Martinez)
Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez agoch, ak Prezidan Kolombyen an Juan Manuel Santos (foto achiv AP Photo/William Fernando Martinez)

Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, di peyi Venezuela pa reprezante ankò yon abri pou kan rebèl gochis kolonbyen yo.

Mesye Santos pale konsa madi 12 avril la nan yon entèvyou li bay nan yon televizyon espayòl nan vil Madrid.

Mesye Santos di li gen konfyans ke prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, ap kenbe pawòl li e li pap pèmèt prezans rebèl gochis sou teritwa venezuelyen an.

Lidè kolonbyen an bat bravo pou Caracas ki te depòte, lendi pase a, 2 kolonbyen yo ta suspèk kòm rebèl gochis.

XS
SM
MD
LG