Accessibility links

Breaking News

Opinyon Evans Paul Sou Chwa Daniel Rouzier pou Pòs Premye Minis la


Prezidan Michel Martelly rann ofisyèl non premye minis deziye a ki se òmdafè Daniel Gérard Rouzier.

Se premye etap yon pwosesis ki pral dewoule prensipalman nan palman an devan 49e Lejislati a e ki pral debpouche sou ratifikasyon ou rejè premye minis deziye a.

Ratifikasyon an nesesè anvan pou Misye Rouzier fè deklarasyon politik jeneral li e fòme yon nouvo gouvènman.

Kesyon anpil moun ap poze, se ki estrateji Pouvwa Ekzekitif la pral itilize pou l rive nan dènye etap pwosesis sa a --ki se ratifikasyon Daniel Rouzier -- lè nou konnen Repons Peyizan, platfòm politik ki te ede Michel Martelly monte sou pouvwa a, genyen sèlman 3 palmantè nan tout Asanble Nasyonal la.

Evans Paul, lidè politik e youn nan responsab Platfòm Politik Altènativ, ap di nou plis sou kesyon an. Li reponn kesyon Jacquelin Bélizaire.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jacquelin Belizaire ak Evans Paul.

XS
SM
MD
LG