Accessibility links

Breaking News

Operasyon Prevantif Benefisye Fi Ki gen Kansè


Operasyon Prevantif Benefisye Fi Ki gen Kansè
Operasyon Prevantif Benefisye Fi Ki gen Kansè

Chak ane doktè jwenn yon milyon fanm atravè lemond gen maladi kansè, e 200 mil lòt aprann se nan ovè yo gen kansè a.

Desizyon pou moun chache jwenn tretman vin pi difisil lè fanm yo sibi chanjman jenetik ki rele BRCA1 ak BRCA2. Chanjman jenetik sa yo ka ogmante risk pou medam yo gen kansè nan matris, nan iteris, pankreya ak lòt kalite kansè.

Yon etid ki te fèt sa pa gen lontan montre fi ki sibi operasyon prevantif diminye risk pou yo trape maladi kansè nan tete oubyen nan ovè.

Daprè yon lòt etid, operasyon sa yo ede medam yo viv pi lontan tou ; e fanm ki te fè operasyon nan ovè yo diminye risk pou yo pèdi lavi yo anba maladi kansè nan ovè –risk a sibi yon bès apeprè 80 %; tandiske risk pou yo trape kansè tete sibi yon bès 56%.

Pou fini, rechèch la ankouraje fanm ki sòti nan fami kote moun abitye gen kansè pou yo fè sa yo rele « tès jenetik », sètadi tès ki montre si yo genyen (ou pa genyen) maladi papa yo, manman yo, gran-papa yo oubyen grann yo te genyen.

XS
SM
MD
LG