Accessibility links

Breaking News

Onduras: Xiomara Castro se Premye Fanm ki Prete Sèman Kòm Prezidan


HONDURAS-US-DIPLOMACY-POLITICS-HARRIS
HONDURAS-US-DIPLOMACY-POLITICS-HARRIS

Xiomara Castro prete sèman kòm premye fi prezidan nan Onduras jedi , nan yon seremoni ke plizyè milye moun te asiste pandan te gen yon oseyan drapo ki tap flote nan stad nasyonal la nan kapital la Tegicigalpa.

Tousuit la a, Castro pral fè fas a plizyè defi: nivo chomaj la ki wo, vyolans kap pèsiste nan peyi a, korupsyon ak pwoblèm nan swen sante ak systèm edukasyon an avek presyon Etazuni pou fè lavi a miyò pou sitwayen Honduras yo pou diminye anvi yo genyen pou yo fè vwayaj long sa a nan direksyon nò pa la wout an pasan pa Meksik pou yo eseye emigre nan Etazuni.

Vis prezidan Etazuni Kamala Harris ke prezidan Biden te bay fonksyon pou-l chache konbat rasin migrasyon kap soti nan peyi Amerik Santral tankou Onduras, Guatemala ak el Salvadò pou vin Etazini ---li te asiste prestasyon sèman an e li te rankontre avek Castro yon ti tan apre.

XS
SM
MD
LG