Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Sitwayen Ondiryen Pran Direksyon Lèzetazini Apye e nan Machin

Yon gwo gwoup sitwayen Peyi Ondiras k ap kouri pou lamizè ak vyolans pran wout k ap mennen yo Ozetazini. Yo kite vil San Pedro Sula, nan pati nò Ondiras. (Foto: REUTERS/Jorge Cabrera, 13 oktòb 2018).
Yon gwo gwoup sitwayen Peyi Ondiras k ap kouri pou lamizè ak vyolans pran wout k ap mennen yo Ozetazini. Yo kite vil San Pedro Sula, nan pati nò Ondiras. (Foto: REUTERS/Jorge Cabrera, 13 oktòb 2018).

Kantite moun ki nan yon karavàn imigran ki te kite vil San Pedro Sula, nan pati nò Onduras, ogmante ofi-e-a-mezi ke lap travèse peyi a. Genyen nan moun sa yo ki a-pye, genyen ki nan machin; men yo tout sanble genyen yon sèl objektif, ki se chache yon lavi miyò. Anpil nan yo espere jwenn chanjman-de-vi sa a Ozetazini.

Oganizatè karavàn nan, Bartolo Fuentes, fè ajans nouvèl REUTERS konnen patisipan yo ap kouri pou lamizè ak vyolans ki genyen nan peyi yo. San Pedro Sula se youn nan vil kote to asasina a pi wo nan lemond. 64 pousan fanmi nan Onduras ap viv nan lamizè.

Kantite moun ki an karavàn nan aktyèlman se mil set san (1700) alòske yo te mil (1000) sèlman lè konvwa a te derape a. Se medya sosyal yo ak laprès tradisyonèl lokal la ki fè nouvèl sikile. Anpil nan moun yo te gen plan depi lontan pou yo fè deplasman an; men yo te santi li t ap pi bon pou yo vwayaje an gwo gwoup pou yo evite tonbe anba men volè gran chimen oubyen pou yo pa tonbe viktim atak.

Yon nonm k ap pote yon timoun piti sou bra li avek lòt sitwayen ondiryen k ap kouri pou lamizè ak vyolans. Yo kite vil San Pedro Sula, nan peyi yo, samdi 13 oktòb 2018 la pou yo pran apye ou nan machin wout k ap mennen yo Ozetazini.

Ajans nouvèl Associated Press ekri pou l di "anpil fanmi prezante ak ti bebe sou bra yo oubyen sou twotinèt pou yo fè pati konvwa... pi fò nan yo gen yon ti sak-a-do sèlman nan men yo. Sa pa gen lontan, Vis Prezidan amerijen an, Mike Pence, te pale ak prezidan Peyi Ondiras, Salvadò ak Gwatemala e li te mande yo chache mete yon fren nan tip karavàn sa yo.

XS
SM
MD
LG