Nan peyi Ondiras Kou Siprèm nan rejte demand ann apèl ki fèt kont yon desizyon ki rejte 2 akizasyon ki t ap peze sou do prezidan egzile Manuel Zelaya kòmkwa li te mele nan zak koripsyon.
Desizyon tribinal la elimine opbstak ki te ka anpeche mesye Zelaya retounen nan Ondiras si l ta vle.
Ansyen lidè ondiryen an ap viv an Repiblik Dominikèn depi li te viktim yon kou-deta an 2009.