Accessibility links

Breaking News

Omwens 7 Moun Mouri nan Kolizyon ant Bato Lapolis Turks & Caicoas ak yon Bato Migran


Zile Turks & Caicos sitye ant Ayiti ak Bahamas.
Zile Turks & Caicos sitye ant Ayiti ak Bahamas.

Yon bato lapolis nan zile Turks & Caicos fè kolizyon ak yon bato ki tap transpote migran yo kwè ki te soti Ayiti. Sa lakoz yon pakèt moun tonbe nan lanmè. Gen omwens 7 moun ki mouri.

Otorite zile a di yo jwenn 7 kadav e yap chache pou wè si ta gen lot.

Yo te rive sove omwens 64 migran nan yon zon ki sitye tou pre zile Providenciales la.

Otorite yo di yo pa konnen konbyen migran kite abo bato ki fe kolizyon ak bato lapolis la, nan moman yo tap eseye entèsepte'l Lendi.

Lapolis di yo arete 16 migran ki te kouri chape poul yo a pye apre kolizyon an.

Zile Turks and Caicos sitye ant Ayiti ak Bahamas.

XS
SM
MD
LG