Accessibility links

Breaking News
Azi

Omwens 60 Moun Mouri, Plizyè Blese Apre yon Pon Kraze an End


Sekouris abo bato chache moun nan rivye Machchu a apre yon pon kraze epi plonje desann nan rivye a nan eta Gujarat, rejyon wes peyi End, Dimanch 30 Oktob 2022.
Sekouris abo bato chache moun nan rivye Machchu a apre yon pon kraze epi plonje desann nan rivye a nan eta Gujarat, rejyon wes peyi End, Dimanch 30 Oktob 2022.

Laprès lokal fè konnen omwens 60 moun mouri e plizyè lòt disparèt apre yon pon kraze epi tonbe nan yon rivyè nan eta Gujarat nan rejyon wès peyi End Dimanch swa.

Minis eta a, Brijesh Merja di gen 60 moun ki mouri e yon lòt 17 ale lopital pou resevwa swen.

Laprès lokal di gen plis pase 100 moun ki plonje desann nan rivyè Machchu a apre pon an te kraze. Li poko klè konbyen moun ki te sou pon an nan moman an.

Pon sila a ki date de 19èm syèk la fèk re-louvri sa gen 4 jou desa, apre yo te fèmen'l pou renovasyon.

Otorite yo di pon an te kraze paske te gen twòp moun sou li.

XS
SM
MD
LG