Accessibility links

Breaking News

Omwen 18 Senatè Pare Pou Ratifye B. Gousse Kòm Premye Minis Ayiti


Prezidan ayisyen an anonse tou li jwenn 50 milyon dola asistans pou ede finanse ti antrepriz ak ti biznis nan peyi Dayiti.

Prezidan ayisyen Joseph Michel Martelly retounen ann Ayiti apre yon vizit twa jou ann Espay. Prezidan an bay laprès yon kont randu sou vwayaj li nan wayòm espayòl la kote li rankontre ak prezidan gouvènman an, Premye Minis José Luis Rodriguez Zapatero, e ak Wa Juan Carlos 1er.

Lidè ayisyen an pwofite reyaji sou rezolisyon 16 senatè GPR pran pou anpeche Premye Minis deziye Bernard Gousse al menm depoze dosye li nan Sena a madi ka p vini la a.

NB: Pou w koute deklarasyon misye Martelly a, fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo e adwat paj Wèb la. Se yon repòtaj korespondan Sèvis Kreyòl la Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG