Accessibility links

Breaking News

Omwen 16 Moun Pèdi Lavi Yo Nan Vag Fredi Fann Fwa Ki Blayi Sou Kòt Nò-ès Etazini an


Glas fòme e donnen devan yon otomobil ki estasyone devan yon bilding kote ponpye tap eseye touye ton dife ki pran madi anba gwo fredi nan vil Nouyòk
Glas fòme e donnen devan yon otomobil ki estasyone devan yon bilding kote ponpye tap eseye touye ton dife ki pran madi anba gwo fredi nan vil Nouyòk
Omwen 16 moun mouri (11 nan aksidan sikilasyon, 3 akoz ipotèmi) anba gwo fredi malouk ki depi mitan semèn pase a blayi sou santwès ak nò-ès peyi a, dapre bilan chèn televizyon NBC News, NBC Affiliates ak The Weather Channel pibliye madi. Pami yo, yon granmoun 90 zan yo jwenn mouri nan yon otomobil nan Ohio ak yon tigason 1 an ki mouri lendi nan Missouri lè machinn li te abò li a antre nan yon kamyon k ap ranmase nèj.

Medya yo rapòte moun ki mouri nan Eta Illinois, Indiana, Wisconsin, Géorgie ak Michigan. Pami yo gen moun ki trepase paske yo te ekspoze nan fredi a oubyen ki mouri arè di kè pandan y ap pelte nèj.

Atravè pi fò 50 Eta yo, lekòl ak komès pa fonksyonen madi pou yon dezyèm jou youn apre lòt. Fredi a bat rekò nan Georgia ak nan Alabama, e nan kèk rejyon Minnesota kote yo anrejistre tanperati 25 degre anba zewo.

Yon vag fredi (-16° Celsius) moun pa janm wè depi dè dizèn lane e ki mache ak van kap soufle a 50 kilomèt alè (sa ki fè ou santi w pi frèt toujou) layite kò li depi madi 7 janvye a sou Central Park la nan Nouyòk. Men se pa nan Nouyòk sèlman fredi a ap dodomeya. Nan vil Chicago, madi tèmomèt la make -20° santigrad, nan Detroit -21°C; Pittsburg -17°C epi nan Boston -9 degre sentigrad.

Sant pou mete moun sanzabri yo pa gen kote ankò pou pike menm yon zepeng titèt. Nan Washington, responsab yo oblije mete bibliyotèk ak sant divètisman piblik yo aladispozisyon moun ki pa gen kay yo paske fredi a desann nan mwen katòz (-14 degre santigrad).

Nan vil Colombus, Eta Ohio, yo jwenn madi maten yon endijan 51 an mouri nan fredi. Antou, genyen omwen 16 moun fredi a touye deja Ozetazini.
Nan rejyon sid Lèzetazini, kote an jeneral li pa janm fè twò frèt, tankou nan vil Atlanta (Géorgie) pa egzanp, tanperati a rive nan -14 degre Celsius--yon bagay moun pa wè depi 44 tran.

Nan nò Eta Florid, tèmomèt la desann pi ba pase 0 degre, sa ki menase rekòt zoranj lan ane sa a selon asosyasyon fwi ak vejetal Eta Florid la (Fruit and Vegetable Association).

Responsab aviasyon peyi a anile anviwon 3 mil 000 vòl madi san bliye 2 mil 900 yo oblije difere, dapre FlightAware.com. Nan ayewopò Chicago a sèlman, ki se youn nan ayewopò pi frekante Ozetazini, responsab yo anile 383 vòl, swa 31 pousan trafik aeryen an. Konpayi JetBlue Airways rekoumanse vòl li yo apati Nouyòk ak Boston apre li te sispann yo lendi swa. Malgre sa madi 7 janvye a li sètoblije sispann 216 vòl.

Konpayi Southwest anile 309 vòl. United Continental sispann 117. American Airlines ak afilye li, American Eagle, deside anile 500. Air Canada anonse kliyan li yo li kapab anile ou retade vòl li nan 15 ayewopò nan Kanada ak nan rejyon nò-ès Etazini.
Avi sa a valab pou jis jedi.

XS
SM
MD
LG