Accessibility links

Breaking News

"Pa p Gen Retou nan yon Vi Nòmal Tou Suit" : Se Yon Avètisman Òganizasyon Mondyal Lasante


Katye Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) nan vil Jenèv, Lasuis. (Foto Achiv).
Katye Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) nan vil Jenèv, Lasuis. (Foto Achiv).

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) lanse, nan jounen lendi 13 jiyè a, yon avètisman kote li di:

“Pa pral genyen okenn retou nan vi nòmal lemond te konnen anvan an -an tou ka pa nan yon avni previzib- nan moman kantite nouvo ka enfeksyon kowonaviris yo kontinye ogmante atravè planèt la.”

Espesyalis lasante yo rapòte preske 13 milyon ka konfime KOVID-19 nan lemond; sou kantite sa a gen prèske 575 mil moun ki mouri, daprè chif ki sòti nan Sant Rechèch Inivèsite Johns Hopkins nan Baltimore, tou prè vil Washington. Sepandan, nan yon pwendprès direktè jeneral OMS la, Tedroz Adhanom Ghebreyesus, bay nan menm jounen lendi a, li deklare:

“Li pa janm twò ta pou lòm mete viris la anba kontwòl.”

Men li ajoute:

“Genyen twòp peyi ki pran yon move direksyon. Mesaj depaman ki pa sispann sòti bò kote lidè mondyal yo, ap elimine eleman ki pi enpòtan nan nenpòt ki repons nou ta bezwen bay nan sikonstans la : se eleman konfyans la. Gouvènman yo fèt pou yo kominike yon fason klè avèk sitwayen yo epi aplike yon strateji global ki konsantre sitou sou fason pou yo elimine transmisyon maladi a epi sove lavi moun.”

Direktè jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante pale konsa nan katye-jeneral òganizasyon entènasyonal la nan vil Jenèv, nan Peyi Lasuis.

XS
SM
MD
LG