Accessibility links

Breaking News

OMS Rapòte yon Gwo Ogmantasyon nan Nouvo Ka Kowonaviris yo nan Lemond


Logo Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ki gen katye jeneral li nan vil Jenev, nan Peyi Laswis.(Foto Dosye: REUTERS/Denis Balibouse).
Logo Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ki gen katye jeneral li nan vil Jenev, nan Peyi Laswis.(Foto Dosye: REUTERS/Denis Balibouse).

Lemond te anrejistre yon chif rekò nan kantite ka enfeksyon kowonaviris yo sòti vandredi 3 pou rive samdi 4 jiyè pase a, swa nan yon peryòd 24 trè, avèk 212 mil 326 nouvo ka, dapre chif Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) pibliye.

“Lezetazini, Brezil avèk Lend vini nan tèt lis peyi ki anrejistre pi gwo kantite nouvo ka enfeksyon yo.”

Se sa OMS di nan yon rapò li fè parèt chak jou. Denye chif rekò òganizasyon mondyal la te pibliye pou yon sèl jou sete 189 mil 77 nouvo ka enfeksyon nan dat 28 jen pase a; kantite ka lanmò yo kontinye rete anviwon 5 mil pa jou. Nan nivo mondyal la genyen anviwon 11 milyon ka enfeksyon konfime, toujou dapre OMS.

Ozetazini, Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te rapòte samdi pase a 52 mil 492 nouvo ka, sa ki bay yon total 2 milyon 785 mil 23 ka enfeksyon nan peyi a. Kantite moun ki te mouri nan jou sa a te monte rive preske 750, sa ki bay yon total 129 mil 397 ka lanmò. Lèzetazini te tabli yon rekò pou kantite ka enfeksyon pa jou nan jounen jedi 2 jiyè 2020 an avek plis pase 55 mil nouvo ka. Brezil, nan Amerik di Sid la, te rapòte samdi 4 jiye a 48 mil 105 nouvo ka enfeksyon, sa ki fè peyi a anrejistre yon kantite total anviwon yon milyon 500 mil ka enfeksyon konfime; sou kantite sa a gen prèske 62 mil moun ki mouri.

Peyi ki vini an 3èm pozisyon an se Lend ki te anrejistre, nan sèl jounen samdi 4 jiyè a, preske 23 mil nouvo ka enfeksyon pou yon total 650 mil moun anviwon ki trape viris la nan peyi a; sou kantite sa a gen plis pase 18 mil 600 sitwayen endyen ki pèdi lavi yo.

Nan mesaj Prezidan Donald Trump te prezante nan okazyon selebrasyon anivèsè endepandans amerikèn nan nan La Mezon Blanch samdi 4 jiyè pase a, li pa t di yon mo sou 130 mil moun anviwon ki mouri anba maladi kowonaviris la Ozetazini.

XS
SM
MD
LG