Accessibility links

Breaking News

Oland Brize Dènye Espwa Amerik di Sid la


La Oland kale Irigwe 3 a 2 pou l jwenn kalifikasyon l pou 3èm final nan listwa l ( 1974 kont Almay e 1978 kont Ajantin). Match la te sanble li ta pral sere apre premye mitan an te fini pat-pou-pat 1-1. Se Van Bronckhorst ki ta pra l ouvri skò pou la Oland nan 18e minit match la ak yon « manman penba » li te choute sou yon distans 30 mèt. Fernando Muslera, gadyen irigweyen an, pat wè anyen. Nan 41e minit de je, Diego Forlan fè menm-man parèyman avèk yon sipèb boulèt ki pete filè Marteen S Tekelenburg. Deba yo relanse ! Donk, premye mitan fini ekilibre avèk yon dominasyon klè seleksyon nasyonal La Oland la.

Dezyèm mitan an ta pral nan avantaj Oland malgre sid ameriken yo te kreye kèk kè-sote lakay defans neyèrlandèz la. 2 lòt gòl Oranj yo (Sneijder 70e e Robben 73e ) ta pral sele sò irigweyen yo , men rankont la pot ko fini. Yon gòl Parreira nan 92e minit match la te vin bay ekip sid amerikèn yon espwa. Men li te twò ta, e match la fini 3-2 an favè ekip olandèz la.

Konsa Oland, bouwo Brezil la, ap tann venkè lòt demi-final la k ap dewoule mèkredi 7 jiyè a ant Espay ak Almay, pou l konnen ki dènye obstak l ap gen pou l travèse pou l ka ranpòte premye mondyal nan istwa l apre li te pèdi 2 final.

XS
SM
MD
LG