Accessibility links

Breaking News

2 Oktòb 2019 Raple Yon Lane Depi Disparisyon Jamal Kahoggi nan Konsila Arabi Saoudit la an Tirki


Jeff Bezos, direktè Washington Post la, agoch, Hatice Cengiz, adwat, fiyanse jounalis viktim nan Jamal Kashoggi nan moman yo tap erije yon plak nan mewa jounalis Kashoggi devan konsila Arabi Saoudit la nan Istanbul, Tirki. (Foto: AP/Lefteris Pitarakis) mèkredi 2 oktòb 2019.
Jeff Bezos, direktè Washington Post la, agoch, Hatice Cengiz, adwat, fiyanse jounalis viktim nan Jamal Kashoggi nan moman yo tap erije yon plak nan mewa jounalis Kashoggi devan konsila Arabi Saoudit la nan Istanbul, Tirki. (Foto: AP/Lefteris Pitarakis) mèkredi 2 oktòb 2019.

Nan dat 2 oktòb 2018, Jamal Kahoggi, yon gwo disidan sawoudyen ki te konn ekri pou jounal ameruiken The Washington Post te antre nan konsila Arabi Sawoudit nan vil Istamboul, an Tirki, men malerezman, li pat janm soti andedan lokal konsilè a.

Anrejistreman odyo sèvis ransèyman tirk te rive analize, sijere ke ajan sawoudyen te bali yon piki somnifè, epi bloke souf li ak yon sache plastik, anvan yo te rache kadav li an miyèt mòso. Sepandan, apèl moun te lanse pou otorite sawoudyen ta pran responsablite yo sou kesyon an te rete san repons.

Nan yon entèviou ekriven tirk ,Hatice Cengiz, ki te fiyanse ak defen an, bay Lavwadlamerik, li di li kwè antant sou petwòl ak akò sou lavant zam ki egziste ant Etazini ak Arabi Sawoudit, lakoz otorite konsène yo pase dosye asasinay Jamal Kashoggi a anba pye.

" Nou dwe voye yon mesaj bay lemond antye pou di puisans ekonomik e politik nan kontwòl sous enèji, pa tadwe sifi pou moun komèt yon asasinay san peye yon konsekans pou sa. Anpil peyi echwe nan tès sa a. "

Nan mwa desanm pase a, sena Etazini an te adopte yon rezolisyon ki lage fado asasinay defen jounalis Washington Post sou kont pitit altès prens Bin Salman. Sepandan, Prezidan Donald Trump te defann li piblikman, kote li presize relasyon ki egziste ant 2 peyi yo rapòte Etazini twòp lajan pou l ta fini konsa konsa.

"Jiskaprezan, pèsonn poko lonje dwèt direktèman sou fiti Roi Arabi Sawouditt la. Tem di nou, mwen pale ak papa li, mwen pale avèk li pandan lontan.

Yo se yon alye ekstraòdinè. Yo kreyen plizyè milyon job nan peyi nou an, yo komande ekipman, non sèlman ekipman militè, yo komande diferan lot bagay pou 400 milya dola. Akoz sam finn di la-a, mwen fache anpil pou sak rive a, e sa pa fè kèm kontan ditou. "

Pou kounye a, gen 11 sispèk sawoudyen otorite wayòm nan trennen devan lajistis, e e 5 pami yo byen kapab jwenn yon pèn lanmò. Sepandan, raportè espesyal Nasyon Zini Agnès Callamard, di pwosè sa a, se yon jijman.

XS
SM
MD
LG