Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Sityasyon Tansyon nan Vil Okay


 Lari Vil Okay
Lari Vil Okay

Lendi 19 novanm 2018 la gen you sitiyasyon tansyon kap tabli nan vil Okay kote nan katye popilè yo gen kawotchou kap boule; lapolis tire gaz lakrimojenn. Kèk moun nan popilasyon an tire woch sou lapolis, yon sitiasyon ki lakoz kouri pasi-pala.

Sitiyasyon tansyon sa a kreye laperez nan mitan sitwayen 3èm vil peyi a kote moun ki deyo ap kouri chache rantre lakay yo.Tout aktivite preske paralize nan Okay. Labank ak kèk magazen ki tap fonksyone oblije fèmen pòt yo,dapre korespondan Lavwadlamerik nan Okay, Hernst Eliscar.

Opozizyon politik la te lanse yon grèv jeneral atravè peyi a pou jounen lendi 19 noavnam nan apre yon jounen manifestasyon dimanch 18 novanm ki raple anivèsè Batay Vètyè a. Dapre bilan pwovizwa yo, 6 moun ta pèdi lavi yo nan manifestasyon pou mande limyè sou dosye fon Petro Caribe ak lòt manifestasyon kote opozan politik la ap mande depa Prezidan Jovenel Moïse.

Bò kote lokatè palè Nasyonal la, nan yon mesaj alanasyon mande tout moun pou mete tèt ansanm pou rive kase chèn sou-devlopman.

XS
SM
MD
LG