Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Eleksyon Sere-Sere nan Ohio ant Repibliken ak Demokrat pou Pòs Depite


Sitwayen kap vote nan eleksyon yo nan Ohio. 7 out 2018
Sitwayen kap vote nan eleksyon yo nan Ohio. 7 out 2018

Isit Ozetazini, yon eleksyon pou yon pòs nan Chanm Depite a ki dewoulemadi 7 out 2018 la nan Eta Ohio e ke obsèvatè yo swiv avèk anpil atansyon e enterè, ebyen, rezilta oganizatè yo gen nan men yo jiska prezan re monte vot la two sere pou yo konnen ki kandida e ki pati (Demokrat ou Republiken) ki pral ranpote li.

Pandansetan, eleksyon primè pou chwazi kandida pou elekyon palmantè novanm pwochen an, dewoule nan lòt eta. Kant-a-pou eleksyon Eta Ohio a, li te mete fas a fas Repibliken Troy Baiderson ki pase 2 manda kòm senatè nan nivo Eta a, avèk Demokrat Danny O'Connor, ofisye deta sivil nan awondisman Franklyn.

Rezilta yo two sere pou yon pati oubyen yon lòt kriye viktwa. An tou ka, sa pa anpeche youn nan 2 kandida yo leve lavwa pou di se li menm ki venkè. Misye Oconnor deklare:

"Nou nan yon mach kote rezilta egal-ego, e si sa posib, se gras ak nou menm ki la a. Nou menm, manm ti kominote nou yo, ki te soti al frape pot elektè yo pou ankouraje yo al vote epi batay pou avni peyi nou an. Mwen rekonesan anpil-anpil pou tout sipo nou; mesi deske nou kwè nan ekip nou an; se nou menm ki ban nou yon bel eleksyon konsa kote zot te di nou pa gen okenn chans menm pou n patisipe. Ebyen, nou menm ki la, nou pwouve yo ke yo te twonpe yo grandman."

Prezidan Trump, ki t al mennen kanpay nan Ohio pou kandida repibliken an, Troy Baiderson, deja ekri sou kont Twitter li pou l di se MisyeBaiderson ki ranpote laviktwa. Kandida repibliken an pran lapawòl pou l di prezidan an mesi pou apui li.

XS
SM
MD
LG