Accessibility links

Breaking News

Ogmantasyon priz gaz malgre opozisyon sektè  sendikal  la


Moun pran kouri pandan lapolis ap tire anle pou dispese yon foul moun ki menase pou mete dife nan yon ponp gaz nan Potoprens, Samdi 23 Oct. 2021.
Moun pran kouri pandan lapolis ap tire anle pou dispese yon foul moun ki menase pou mete dife nan yon ponp gaz nan Potoprens, Samdi 23 Oct. 2021.

Nan yon rankont ak laprès madi 7 desanm 2021 an nan aprè-midi, gouvènman  an,  ki gen nan tèt li premye minis Ariel Henry,  anonse,   sa l rel,  yon ajisteman nan pri  kabiran an.

Konsa apati vandredi 10 desanm 2021 nan, men kijan moun ap peye pwodui petwolye yo nan pomp

· Gazolin : 250 goud ( ansyen pri 201 goud) . Ogmantasyon 49 goud

· Dyezèl(gazòy) : 353 goud ( ansyen pri 169 goud) . Ogmantasyon 184 goud

· Kewozèn 352 goud ( ansyen pri 163 goud) . Ogmantasyon 189 goud

Minis ekonomi ak finans la, Michel Patrick Boisvert, minis Komès ak Endistri an, Ricardin Saint Jean, minis Planifikasyon ,Kowoperasyon ekstèn , Ricard Pierre ak minis Afè sosyal ak Travay la, Pierre Ricot Rodney. Sepandan pri transpò ankomen an pap ogmante, dapre minis Afè sosyal ak travay la, Pierre Ricot Rodney.

Konsa, leta diminye sou montan li te konn sibvansyone kabiran an. Minis planifikasyon an, ansyen Senatè Ricard Pierre, di lajan sa a pral envesti nan konstriksyon lopital, lekòl ak lòt pwojè ankò . Nan dat 24 novanm 2021 an, premye minis Ariel Henry, te fè konnen leta sibvansyone pwodui sa a ak yon wotè 30 milya goud e li pèdi 13 milya goud taks sou gaz la.

XS
SM
MD
LG