Accessibility links

Breaking News

Oganizatè Mondial la Pa Vle Entèdi Vuvuzela Yo


Sipòtè ekip Afrik Disid la kap sonen twompèt vuvuzelas yo nan match jedi denye .
Sipòtè ekip Afrik Disid la kap sonen twompèt vuvuzelas yo nan match jedi denye .

Oganizatè Koup Dimond la nan Afrik Disid di ke yo pap entèdi moun itilize twompèt an plastik yo (ki gen non vuvuzelas) nan stad yo malgre tout plent ki fèt akoz bwi a.

Antrenè, jwè ak telespektatè yo ap plenyen pou valè bwi twonpèt sila yo fè pandan match yo. Yo konpare son saa ak yon desen gèp ki anvayi stad la. Men moun ki ap defann enstriman mizik saa di ke li fè pati eksperyans Mondial Foutbòl la lan nan Afrik Disid.

Pandansetan nan Durban, òganizatè yo ap rankontre ak anplwaye stad la, ak yon kompayi sekirite, ki te fè yon manifestasyon dimanch swa, yon manifestasyon ki te vinn dejenere. Pwotestasyon sa a fèt akòz mekontantman pou diferans nan kòb gwoup sa yo resevwa pou travay yo.La polis te oblije voye gaz lakrimojèn e yo te tire kèk bal an plastik pou yo kraze manifestasyon an. Pwotestasyon saa te komanse apre match Lalmay ak Ostrali a.

Nan lòt nouvèl, Ayiti ap viv 19e edisyon Mondyal sa a nan yon sikonstans spesyal. Trajedi 12 janvye a te lage anpil pwen dentèwogasyon sou fason popilasyon an ta pral swiv gwo fèt foutbol sa a nan televizyon.

Jacquelin Belizaire pale avèk kwonikè spòtif Enock Nerée ann Ayiti sou dosye sa a.

NB: Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou koute kwonikè spòtif Enock Nerée nan mikwo Jacquelin Belizaire.

XS
SM
MD
LG