Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon 2èm Tou Eleksyon Jeneral yo Deja Kòmanse


Otorite nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) fè konnen yo deja lanse operasyon ki gen pou debouche sou òganizasyon 2èm tou eleksyon jeneral yo nan dat 20 mas 2011 pwochen.

Pandan youn nan manm KEP a, Jacques Belzin, t ap pale ak yon korespondan VOA sou dosye a lendi 7 fevriye 2011 la, li di konsèy la ap anvizaje anpil dispozisyon li panse ki nesesè pou evite fot ak iregilarite ki te make premye tou eleksyon yo.

Misye Belzin ajoute ofisyèlKEP a deja rankontre ak reprezantan kominote entènasyonal la ki pran angajman pou yo finanse operasyon elektoral la.

Se konsa, Brezil anonse l ap pote yon kontribisyon $300.000,00 (twa san mil dola); men lòt peyi an enstitisyon donatè yo poko bay yon chif pou kantite lajan y ap ofri pou finanse 2èm tou eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG