Nan yon rankont ki fèt a distans pou diskite sitiyasyon an nan peyi dAyiti, Konsèy Pèmanan OEA a poko rive fòme misyon ki pral ann Ayiti a poutèt manm yo poko antann yo sou kèk aspè teknik. Misyon OEA a genyen pou l sèvi kòm medyatè nan kriz Ayiti a. Ayiti deja pare pou l akeyi misyon sila a.
Reprezantan Antigua e Barbuda, Anbasadè Ronald Sanders, ki prepare rezolisyon an, sa pa gen lontan, mande kèk eklèsisman sou patisipan yo ansanm ak gouvènman an. Anbasadè Sanders bat brave poutèt gouvènman Ayisyen an pa fikse okenn kondisyon davans.
Sepandan, Anbasadè Sanders di “mwen ta renmen gen kèk detay pou konnen si misyon an ap rankontre Sèlman ak manm gouvènman an, men tou avèk lòt aktè yo. Se pou rezon sa a ki fè map mande anpil presizyon sou kesyon sila a.”
Sekretarya OEA a fè plizyè rankont ak lot organizasyon nan rejyon an pou diskite kesyon Ayiti a. Sepandan, Sekrete jeneral OEA a fikese yon lòt randevou pou konsèy pèmanan an abòde kesyon ki gen rapò ak misyon ki pral Ayiti a, paske gen plizyè kesyon ki poko rezoud.
Konsènan demand gouvènman Ayisyen an fè a, Sekretè jeneral OEA a Luis Almagro di” gouvènman an deja kontakte anviwon 28 aktè, 9 pati politik ak manm sosiete sivil la. Yo ta manifeste entansyon yo pou yo patisipe nan dialòg la.”
Reprezantan Ayiti a nan OEA e an menm tan Anbasad Ayiti nan Washngton, Bochhit Edmond, pa dakò ak kèk deklarasyon Reprezantan Antigua e Barbuda Anbasadè Ronald Sanders fè.
Anbasadè Edmond di “Avan mwen mete fen nan diskou mwen an madam la Prezidante, mwen ta renmen raple Anbasadè Sanders ke li reprezante Antigua e Barbuda e non pa Ayiti. Li kapab genyen sèten opinion, men le fèt ke lap simaye manti, se pa yon bon bagay. Sispann jwe avèk Ayiti pou ou fè avanse ajanda ou. Eseye okipe zafè pròp peyi ou.”