Accessibility links

Breaking News

Fen Misyon 3 Jou l'OEA an Ayiti - Reyaksyon


Katye Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (lOEA) nan Washington. D.C.
Katye Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (lOEA) nan Washington. D.C.

L'OEA di: "Misyon sa a te gen kòm manm reprezantan pèmanan Kanada, Kosta Rika, Ekwatè, Sen Vensan, Grenadin ak Etazini, ak sipò Sekretarya Jeneral OEA ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la an Ayiti. Objektif Misyon an se te fasilite yon dyalòg ki dwe debouche sou eleksyon lib e san fòs kote."

Nan fen yon misyon 3 jou (8-10 jen, 2021) yon delegasyon Òganizasyon Eta Ameriken yo (lOEA) reyalize semèn sa a an Ayiti, Misyon Pèmanant oganizasyon rejyonal la pibliye yon deklarasyon sou sa manm delegasyon an reyalize pandan sejou yo nan Pòtoprens. Men kèk ekstrè deklarasyon an:

"Misyon sa a te gen kòm manm reprezantan pèmanan Kanada, Kosta Rika, Ekwatè, Sen Vensan, Grenadin ak Etazini, ak sipò Sekretarya Jeneral OEA ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la an Ayiti. Objektif Misyon an se te fasilite yon dyalòg ki dwe debouche sou eleksyon lib e san fòs kote.

Prezidan Jovenel Moïse te resevwa manm Misyon an nan odyans avèk patisipasyon Premye Minis pwovizwa a, Claude Joseph, ki an menm tan se Minis Afè Etranjè. Manm Misyon an te patisipe tou nan plizyè diskisyon avèk plis pase 50 entèlokitè ki sòti nan divès sektè sosyete sivil la ak aktè politik yo...

Nan chak rankont, manm Misyon yo te mande pou gen:

- Angajman an favè demokrasi reprezantatif kòm sa prevwa nan Chat Demokratik Entè-Ameriken an
- Angajman pou gen bon jan eleksyon lejislatif ak prezidansyèl lib e san fòs kote nan lane 2021 an
- Yon pwosesis elektotal transparan ak patisipasyon tout moun, ki dwe merite konfyans pèp ayisyen an
- Yon konpwomi ki pou debouche sou yon akò politik nan enterè pèp ayisyen an
- Angajman kont vyolans politik ak enpinite epi yon angajman pou respekte dwa moun... "

Pilwen deklarasyon an di:

"Kounyela a manm Misyon an pral fè konsiderasyon sou opinyon yo te resevwa epi, nan espas de (2) semèn, yo pral soumèt yon rapò bay Prezidan Konsèy Pèmanan k ap pran an konsiderasyon konsta yo fè, konklizyon yo avèk rekòmandasyon yo. Misyon an te tre kontan opòtinite li te genyen pou l gen dirèkteman yon dyalòg fran e ouvè ak anpil aktè konsène ki sòti nan divès sektè peyi a."

Nan yon pwennprès ki dewoule nan jounen jedi 10 jen an, youn nan lidè opozisyon an, Enjenyè Rosemond Pradel, ki te rankontre ak Misyon l'OEA, rezime pozisyon yo vizavi vizit wo nivo sa a ofisyèl òganizasyon rejyonal la reyalize nan Pòtoprens. M. Pradel deklare, antwòt, dirijan opozisyon yo fè yon sèl vwa pou yo di Misyon an "yo pa p patisipe nan okenn eleksyon avèk Prezidan Jovenel Moise".

2 lòt lidè opozisyon an, Mèt Mario Joseph (prezidan Biwo Avoka Entènasyonal) avèk Birond Audigé (kowòdonatè jeneral òganizasyon sosyo-politik Viv Ayiti) pale nan menm sans ak Enjenyè Pradel. Daprè yo, lOEA gade silans sou anpil aksyon kondanab rejim an plas la komèt; pa egzanp, li ta genyen yon gwo responsablite nan ensekirite k ap simen dèy nan mitan sosyete ayisyèn nan ak degrasyon lavi a toupatou nan peyi a. Konklizyon 2 lidè politik sa yo tire, sè ke òganizasyon rejyonal la genyen a dispozisyon li ase enfòmasyon pou l konnen Prezidan Moise pa merite konfyans pou opozisyon an ta antre avèk li nan konpwomi Misyon an swete a.

XS
SM
MD
LG