Accessibility links

Breaking News

Rapò ak Rekòmandasyon yon Misyon l OEA sou Solisyon Kriz Politik la an Ayiti


Katye Jeneral l OEA nan Washington DC.
Katye Jeneral l OEA nan Washington DC.

Nan jounen meèkredi 30 jen 2021 an, manm delegasyon Oganizasyon Eta Ameriken(OEA) ki te ale ranpli yon misyon bonzofis an Ayiti nan dat 8, 9 ak 10 jen pase a, mete devan Konsèy Pèmanan an rapò li sou rezilta misyon an ak kèk rekòmandasyon sou fason yo panse kriz politik la kapab jwenn yon solisyon.

Anbasadris Sen Vensen ak Grenadin nan, Lou-Anne Gaylene Gilchrist, ki te entwodui rapò a, prezante 3 nan rekòmandasyon misyon an:

1.- Fòmasyon yon nouvo gouvènman ki baze sou yon laj konsansis -avèk yon nouvo Premye Minis byen antandi;

2.- Fòmasyon yon konsèy elektoral ki gen ladan l reprezantan divès sektè yon fason pou l merite konfyans pèp ayisyen an;

3.- Etablisman klima sekirite ki nesesè pou dewoulman eleksyon prezidansyèl ak lejislatif pandan ane 2021 an epi eleksyon lokal nan kòmansman ane 2022.

Anbasadè pwovizwa ayisyen nan l OEA, Bocchit Edmond, byen resevwa rapò misyon an kote diplomat yo demontre nesesite pou deferan aktè yo an Ayiti chita ansanm pou yo rezoud kriz peyi a ap konfwonte depi lontan deja, pandan yo va rekonèt ke òganizasyon eleksyon se sèl mwayen pou yon dirijan politik monte sou pouvwa a. Misye Edmond konfime piblikasyon yon kalandriye ki anonse dewoulman eleksyon yo etap pa etap, depi prezidansyèl yo pou rive nan eleksyon lokal yo, an pasan pa lejislatif yo, sa ki ta dwe debouche finalman sou prestasyon sèman yon nouvo Prezidan de la Repiblik nan dat 7 fevriye 2022.

Anbasadè Kanada nan l OEA, Hugh Adsett –ki te fè pati delegasyon ki te ale Pòtoprens la- note ke sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou an Ayiti e li regrèt ke reyalite sa a rann popilasyon an pi vilnerab nan yon moman kote gang ame yo ap ogmante zak vyolans yo. Li di peyi li apiye rekòmandasyon misyon an fè yo.

Reprezantan Lèzetazini nan Konsèy Pèmanan an l OEA a, Anbasadè Brad Frieden, fè konnen Washington ankouraje efò k ap fèt pou retabli palman ayisyen an avèk òganizasyon pwochen eleksyon yo, sa ki va chanje yon sitiyasyon kote Prezidan Jovenel Moise ap dirije pa dekrè depi janvye 2020. Pou sa ki konsène domèn sekirite a, diplomat ameriken an di peyi li ofri yon sòm 21 milyon dola pou antrènman, acha ekipman ak konsèy teknik pou Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) dekwa pou polisye yo kapab fè travay yo ak plis efikasite. Yon lòt kote, Lèzetazini pral envesti yon sòm 5 milyon dola nan kominote yo pou kreye kondisyon ki nesesè pou devlope rezistans kont vyolans gang ame.

Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj Jean Robert Philippe sou sesyon OEA ki dewoule mèkredi 30 jen an sou rapò misyon ki te vizite Ayiti ant 8 ak 10 jen 2021 an.

Repòtaj Jean Robert Philippe sou Rapò Misyon l OEA ki te Vizite Ayiti ant 8 ak 10 Jen 2021
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:21 0:00

XS
SM
MD
LG