Accessibility links

Breaking News

Vyolasyon Dwazimen nan Peryòd Kriz la ann Ayiti Preokipe Lidè ak Òganizasyon Entènasyonal yo


Foto ki montre yon mi ak imaj Prezidan Jovenel Moise nan katye Delmas ak yon nèg ki kanpe bò mi an ak yon chany kap netwaye soulye.
Foto ki montre yon mi ak imaj Prezidan Jovenel Moise nan katye Delmas ak yon nèg ki kanpe bò mi an ak yon chany kap netwaye soulye.

Senatè Florid la Marco Rubio mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter pou di lidè nan gouvènman an ann Ayiti pa ta dwe konfonn mank volonte pou foure bouch nan zafè politik entèn peyi a ak tolerans pou zak vyolans moun komèt kont manifestan ak jounalis yo. Obligasyon yo se fè respekte lalwa sinon yo pral fè fas ak konsekans yo si pote responsabilite abi dwazimen.

Medya yo ann Ayiti anonse Amnisti entènasyonal mande prezidan Jovenel Moise pou l garanti dwa popilasyon an pou l manifeste kont pouvwa a epi pou polis nasyonal la sispann itilize fòs eksesiv kont manifestan yo.

Amnisti entènasyonal ajoute li analize videyo kote fòs polis itilize za m reyèl ak gaz lakrimojèn san diskriminasyon kont manifestan yo lè se pa wouze yo wouze yo ak kout baton.

Rezo Nasyonal Defans Dwazimen ( RNDDH) resanse ant 16 septanm ak 17 oktòb 2019 la lanmò 35 moun pami yo 9 anba men polis nasyonal la. RNDDH anonse te gen 200 blese pami yo 8 jounalis pou pipiti pandan manifestasyon kont pouvwa a.

XS
SM
MD
LG