Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Deklare li pa Favori Pou Eleksyon 2012 yo


Jounalis George Stephanopoulos te reyalize entèvyou sa a ak prezidan ameriken an Barack Obama pou chèn televizyon ABC ak sit entènèt Yahoo!
Jounalis George Stephanopoulos te reyalize entèvyou sa a ak prezidan ameriken an Barack Obama pou chèn televizyon ABC ak sit entènèt Yahoo!

Isit Ozetazini , Prezidan Barack Obama deklare, li pa konsidere tèt li kòm favori pou ranpòte eleksyon prezidansyèl 2012 yo.

Prezidan Obama pale konsa nan yon entèvyou televise kote l presize, kriz ekonomik la fè l tounen yon kandida konsa-konsa , sa vle di yon kandida ki pa favori nan moman l ap fè demanch pou l wè si l ta jwenn yon 2èm manda nan tèt peyi a.

Pandan chèf Mezon Blanch la t ap pale ak jounalis ABC George Stephanopoulos, li presize li pa kwè pi fò ameriken pi byen ekonomikman sa gen 4 tran avan li te eli kòm prezidan.

Sepandan, pandan ke prezidan Obama dakò pou di to chomaj ki 9,1 toujou twò wo, men defann politik ekonomik gouvènman l ki fè pwogrè nan plan pou estabilize ekonomi an.

Prezidan Obama kontinye ap egzòte lidè nan Kongrè a pou yo vote plan 447 milyad dola ki vize kreye plis djòb nan peyi a .

Palmantè repibliken yo deklare pa gen anpil posibilite pou yo vote plan sa a jan l ye a , nan totalitel .

Jounalis George Stephanopoulos te reyalize entèvyou sa a ak prezidan ameriken an Barack Obama pou chèn televizyon ABC ak sit entènèt Yahoo!

XS
SM
MD
LG