Accessibility links

Breaking News

Etazini-Amerik Latin: Prezidan Barack Obama Kòmanse yon Vizit 2 Jou nan Ajantin.


Prezidan Obama, Premye Dam amerikèn nan, Michelle Obama, ak pitit fi yo pandan to tap debake nan ayewopò entènasyonal Buenos Aires la.
Prezidan Obama, Premye Dam amerikèn nan, Michelle Obama, ak pitit fi yo pandan to tap debake nan ayewopò entènasyonal Buenos Aires la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan peyi Ajantin kote li pral rankontre avek tokay li, Mauricio Macri, yon prezidan sant-dwat ki te monte sou pouvwa a sa pa gen lontan e k ap eseye aplike refòm pou konbat yon gwo chay dèt Ajantin genyen sou do li ak enflasyon kap vale teren nan peyi sid-ameriken an. Prezidan Macri ap chache envestisman etranje e Prezidan Obama mennen avèk li nan Buenos Aires anpil òmdafè ameriken.

Lidè Lèzetazini an ap fè vizit sa a nan moman Ajantin ap make 40èm anivèsè koudeta militè ki te mennen yon jent sou pouvwa --jent ki tonbe anba akizasyon dèske li te komèt anpil abi dwamoun.

Prezidan Obama ale ann Ajantin aprè yon vizit istorik 3 jou li fè nan Kiba. Se premye vizit yon prezidan ameriken an fonksyon fè nan peyi kominis la nan 88 tan. Misye Obama te mete devan pèp kiben an yon mesaj televizyon leta a nan La Avàn te difize atravè tout peyi a. Nan youn nan deklarasyon prezidan an fè, li di:

“Mwen vini isit la pou m antere dènye restan lagè fret la sou kontinan ameriken an.”

Pandan 12 mwa ki pase yo, gouvènman 2 peyi yo te travay seryezman pou retabli relasyon diplomatik ant Lèzetazini ak Kiba aprè 55 kan. You lòt kote nan mesaj televize a, Misye Obama deklare :

“Menm lè anbago kap peze sou Kiba a ta leve, sitwayen kiben yo pa ta pral reyalize tout potansyalite yo san chanjman ki mande refòm nan domèn politik la, domèn ekonomik la ak domèn sosyal la.”

XS
SM
MD
LG