Nan jounen lendi 29 novanm 2010 la, prezidan ameriken an, Barack Obama, pale nan Washington kote li abòde dosye defisi federal la.
Prezidan ameriken an di: "Verite ki du a, sè ke, travay ki neseè pou n mete kontwòl sou defisi sa a, se yon travay ki pral mande kèk sakrifis sevè e anplwaye gouvènman federal la pral genyen pou yo pataje sakrifis sa yo. Apre tou, si ti-biznis yo ak fanmi amerikèn yo oblije mare senti yo sere, fòk gouvènman an fè menm bagay la."
Se konsa Prezidan Obama lanse lide pou otorite k ap jere finans Lèzetazini yo jele nivo lajan anplwaye Leta federal yo ap touche pou yo pa jwenn pyès opgmantasyon nan kad efò gouvènman an ap deplwaye pou l ekonomize plizyè milya dola nan ane k ap vini la yo.
Konsa, anplwaye yo ka pa jwenn ane sa a ogmantasyon otomatik yo toujou resevwa chak fwa ane a chanje, kòm konpansasyon pou ogmantasyon pri lavi a ak enflasyon. Sèl gwoup pami anplwaye federal yo ki egzan, se manm aktif Fòs Zame Lèzetazini yo.