Accessibility links

Breaking News

OEA Pote Plent Kont Venezyela pou Krim Kont Imanite


 Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo OEA, Luis Almagro. (Foto achiv: 13 oktòb 2107, Washington, AP/Andew Harmik.)
Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo OEA, Luis Almagro. (Foto achiv: 13 oktòb 2107, Washington, AP/Andew Harmik.)

Nan moman Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap fè preparatif pou 48e Asanble Jeneral òganizasyon an kap gen pou dewoule 4 e 5 jen 2018 kap vini la a, sekretè jeneral la Luis Almagro ekri sou kont Twitter li pou l di li pote plen kont Venezyela pou krim kont limanite devan tribinal enetènasyonal ki gen alatè li jij Fatou Bensouda IntlCrimCourt.

Òganizasyon emisferik la ap genyen yon reyinyon òdinè mèkredi 30 me a nan sal Simon Bolivar la nan syèj li nan Washington DC kote evenman an pral dewoule a.

Asanble sa a pral fèt nan moman genyen yon gwo leve kanpe nan kont rejim prezidan Venezyela la Nicolas Maduro a ki sot ranpòte eleksyon prezidansyèl yo ki ba l yon lòt manda 6 zan .

XS
SM
MD
LG