O Pewou, endijèn k ap viv nan pati peyi a ki bay sou Forè Amazòn nan anonse yo pral fòme pwòp pati politik pa yo e yo pral patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule ane pwochèn nan.
Se posib pou pati sa a chwazi kòm kandida lidè yon mouvman pwotestasyon ki anba akizasyon deske li te mele nan zak rebelyon.
Non lidè sa a se Albertro Pizango; li se chèf yon asosyasyon endijèn ki rele Aidesep e ki rasanble 65 tribi k ap viv toupatou nan forè perivyèn nan
Misye Pizango pale mèkredi 11 out la pou l di manm gwoup li a ap ransanble siyati pou yo enskri nouvo pati a. E, si se li yo chwazi kòm kandida yon fwa gwoup la va fin fòme ofisyèlman mwa pwochen an, li pral patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule o Pewou nan mwa davril 2011.