Accessibility links

Breaking News

O Meksik, Otorite yo Pa Gen Kontwòl 300 Imigran Ki Sove Kite Sant Detansyon yo te Mete yo a


Yon ajan imigrasyon meksiken ki kenbe pòt machin nan pou yon migran fi ansanm ak yon tibebe pou yo ka monte nan bis kap mennen yo nan sant detansyon an. Foto: 22 Avril 2019.
Yon ajan imigrasyon meksiken ki kenbe pòt machin nan pou yon migran fi ansanm ak yon tibebe pou yo ka monte nan bis kap mennen yo nan sant detansyon an. Foto: 22 Avril 2019.

Nan pati sid peyi Meksik, otorite yo fè konnen o-mwen mil 300 migran sove pandan yo te nan yon sant detansyon nan vil Tapa-Chou-la, nan Eta Chiapas.

Nan yon deklarasyon Enstiti Nasyonal Migrasyon Meksiken an (INM) pibliye sou kesyon an, li di yon gwo kantite moun pati kite sant la san otorizasyon. Daprè enstiti a toujou, anpil nan sovadò yo se sitwayen kiben. Tandiske 700 konsa retounen volontèman, genyen anviwon 600 lòt ki toujou nan mawon.

Nòmalman sant la gen enstalasyon pou li resevwa mwens ke mil moun; men migran yo fè konnen pafwa ou jwenn 3 mil moun ladan n. Pi fò nan migran sa yo ap chache antre Ozetazini.

XS
SM
MD
LG