Rezilta preliminè eleksyon pou 3 pòs gouvènè ki dewoule o Meksik montre kandida Pati Revolisyonè Enstitisyonèl la (PRI), pati opozisyon an, ap domine kous la nan eta ki pi peple nan peyi a.
Sondaj ki fèt nan televizyon montre Eruviel Avila, kandida PRI a, ranpòte eleksyon an ak anviwon 64% vwa nan Eta Meksiko.
Alejandro Encinas, kandida Pati Revolisyonè Demokratik la (PRD) vini an 2èm pozisyon avèk 23% vwa yo. Kandida PRI yo devan nan kous la nan eta Coahuila ak Nayarit.