Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: O.J. Simpson Pral Benefisye Libète Avan Lè Apre li Fin Pase 9 Lane nan Prizon


Ansyen gwo vedèt foutbòl zèpòl kare (NFL) Orenthal James Simpson, agoch ak yon chemis ble syèl sou li. Foto 20 jiyè 2017.
Ansyen gwo vedèt foutbòl zèpòl kare (NFL) Orenthal James Simpson, agoch ak yon chemis ble syèl sou li. Foto 20 jiyè 2017.

Yon panèl ki la pou deside sou libète prizonye ki gen bon konpòtamn nan prizon nan Las Vegas te syeje nan vil Carson (Nevada) kote li deside akòde yon liberasyon anvan lè pou ansyen gwo vedèt foutbòl zèpòl kare (NFL) Orenthal James Simpson (70 zan) anpil konnen sou non OJ Simpson, apre yon odyans kote yo poze kondane a anpil kesyon, jedi 20 jiyeè 2017 la.

O.J. Simpson ap tande temwayaj pitit fi li Arnelle Simpson, agoch devan panèl sou libète prizonye a nan Lovelock Prizon ki pote non Lovelock Correctional Center nan Lovelock, Nevada, 20 jiyè 2017.
O.J. Simpson ap tande temwayaj pitit fi li Arnelle Simpson, agoch devan panèl sou libète prizonye a nan Lovelock Prizon ki pote non Lovelock Correctional Center nan Lovelock, Nevada, 20 jiyè 2017.


OJ Simpson ki pase 9 van nan prizon pou vòl ak men ame di panèl la: "Thank You"(Mesi) ak yon ekspresyon soulajman. Li prezante ekskiz li bay Nevada pou sak rive a. Panèl la rekonèt ke ansyen vedèt la te gen yon konpòtman egzanplè pandan tan li pase nan prizon an.

O.J. Simpson te jwenn yon liberasyon spektakilè an 1995 apre yon pwosè kote li te anba akizasyon kòmkwa li te asasinen madanm ni ak yon nèg madanm li swadizan tap twonpe l. Yo gen pou libere O.J. Simpson Premye oktòb 2017 kap vini la.

XS
SM
MD
LG