Accessibility links

Breaking News

Nòvèj: Zak Asayan Anders Breivik Montre Ka yon Moun ki Pa Byen Nan Tèt


Geir Lippestad avoka Anders Behring Breivik
Geir Lippestad avoka Anders Behring Breivik

Avoka defans pou mesye ke yo sispèk kòm tèworis nan peyi Nòvèj, Anders Behring Breivik, fè konnen ka a montre ke kliyan li a pa byen nan tèt li.

Pandan yon konferans pou laprès nan Oslo, avoka defans Geir Lippestad fè konnen Breivik pa konnen bilan moun ki mouri yo ni reyaksyon piblik la apre atak vandredi 22 jiyè pase a, ki lakoz 76 moun pèdi lavi yo. Lippestad di jounalis yo li twò bonè pou moun konnen si kliyan li a pwal plede pou di tèt li pa bon.

Anders Behring Breivik
Anders Behring Breivik

Breivik avwe atak ak bonm nan kapital la ak yon masak ak bal ki te fèt nan kan jèn moun-nan, men li plede ke l pa koupab pou akizasyon teworis, kote li deklare li te aji konsa pou l te sove Ewòp anba sa l rele kolonizasyon mizilman.

Lippestad fè konnen kliyan li a di l li te pran dwòg pou l ka « solid, pou rete je klè, e pou l fonksyonnen byen ». Avoka a ajoute ke Brevik fè konnen li nan yon rezo ki pa vle wè Islam, e ke rezo a gen 2 gwoup nan Nòvèj e plizyè lòt nan peyi etranje. Men lapolis ak chèchè nòvejyen pa kwè nan deklarasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG