Accessibility links

Breaking News

Nouvo Teleskop La NASA a Rive Nan Destinasyon Final li


Foto Achiv: Teleskop Spasyal James Webb la NASA a.
Foto Achiv: Teleskop Spasyal James Webb la NASA a.

Teleskòp nan mond lan ki pi gran ak pi pwisan rive nan destinasyon final li a yon distans plis pase yon milyon kilomèt ak planèt tè a.

Teleskòp Spasyal James Webb la deklanche fize ki pèmèt li travese lespas Lendi, yon mwa apre yon lansman kote lap chache konnen kijan inivè nou an te pran nesans.

Manèv sa a mete obsevatwa a, ki koute $10 milya dola pou konstwi nan orbit solèy la, nan yon pwen kote fòs gravite solèy ak planèt tè a ekilibre (setadi yo egal ego).

Kidonk, pa gen anpil gazolin ki nesesè nan moman navèt la ap sivole ansanm ak planèt tè a. Li pral toujou fè fas ak bo planèt tè a kote fè lanwit, pou ke detekte enfra wouj yo ka rete frèt kou glas.

Fòk yo aliyen miwa Webb yo anvan obsevasyon syantifik yo ka komanse nan mwad Jyen an.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG