Accessibility links

Breaking News

Nouvo Teknoloji ak Gadjèt an Vedèt Nan Las Vegas


Yon foul moun tann pou antre nan sal konferans CES Tech la Mekredi 5 Janvye 2022.
Yon foul moun tann pou antre nan sal konferans CES Tech la Mekredi 5 Janvye 2022.

Plizyè milye moun rasanble nan vil Las Vegas pou yon konferans sou teknoloji ki fè kèk ajisteman akoz pandemi kowonaviris la.

Sal konferans CES (Consumer Technology Show) la ki mete an vedèt nouvo gadjèt ak teknoloji yo louvri Mèkredi ak yon egzijans pou tout konferansye yo mete mask epi pwouve yo vaksinen kont COVID-19.

Oganizatè a, Consumer Technology Association, pa di konbyen moun kap asiste konferans la men li te di li atann ni aske gen dè dizèn milye moun ki prezan premye jounen an. Kanmenm, chif sa a bokou mwens pase 170,000 moun ki te asiste konferans la sa gen 2 zan desa.

Asosyasyon an di ekspozisyon ane sa a gen ladann 2,300 konpayi teknoloji ki soti nan 19 peyi etranje.

XS
SM
MD
LG