Accessibility links

Breaking News

Nouvo Pwojè Koka-Kola Pou Ayiti


Pwojè Haiti Hope la, se yon inisyativ Koka-Kola te lanse nan mwa mas 2010 la nan peyi Dayiti kote li vize entwodui pwodui Odwalla li yo ann Ayiti pou kore pwodiksyon mango ak sitwon nan repiblik karayib la. Pwofi li va tire nan lavant pwodui li fè ak mango e ak sitwon ki pouse ann Ayiti, pral sèvi pou kontinye finanse pwojè a.

Pwojè Hope la, dapre yon nòt konpayi a pibliye, se yon envestisman 7 milyon 500 mil dola e Koka-Kola ap pote yon kontribyisyon plis ke mwatye nan sòm sa a. Fon Envestisman miltilateral Bank Entè Ameriken pou Devlopman an ap bay 3 milyon e gouvènman ameriken an ap ofri plis 1 milyon dola.

Bò kote pa li, Fondasyon Clinton-Bush la ap founi plis pase 500.000 dola pou kore fòmasyon ak finansman asosyasyon pwodiktè mango yo, plante pepinyè ak sant kote kiltivatè yo ka vinn delivre rekòlt yo.

Gouvènman ameriken an te anonse piblikman madi 17 out 2010 la nan reyinyon Komisyon Entèrimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a, lap kore finansyèman pwojè a.

Administratè USAID a, Rajiv Shah, deklare : “sektè agrikòl ayisyen an se yon sektè enpòtan pou kwasans ekonomik a long-tèm peyi Dayiti. Se se pou sa nou konsantre anpil konsa sou efò rekonstriksyon ki nesesè nan domèn sa a."

Misye Shah kontinye pou di li fyè pou l pote yon kontribisyon 1 milyon dola nan Fond USAID pou efò sa a e “Lèzetazini pa kapab tann pou l kòmanse travay ak patnè li yo pou ogmante benefis yo e ede rekonstriksyon a lon-tèm Ayiti demare e pou sa fèt yon fason k ap dire.

Anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, bò pa li, deklare : “Efò pou rann pèp ayisyen an endepandan epi ankouraje espri antrepriz lakay li pandan n ap travay ansanm ak gouvènman ayisyen an nan domèn priyoritè yo, se yon bagay enpòtan pou ede Ayiti rebati tèt li pi byen."

XS
SM
MD
LG