Nouvo Premye-minis peyi Tunizi a, Mohamed Ghannouchi, ka anonse fòmasyon yon nouvo gouvènman koalisyon lendi 17 janvye 2011 la, yon jou apre fòs espesyal peyi a te livre yon gwo batay ak fòs ki rete fidèl ak prezidan depoze a, Zine El Abidine Ben Ali. Nan yon deklarasyon tou kout misye Ghannouchi fè sou televizyon leta a, li fè konnen li “pi sèten” li ka anonse fòmasyon yon nouvo gouvènman inite nasyonal anvan 24 trè. Batay te pete dimanch apre-midi, nan alantou palè nasyonal la, sou apeprè 15 kilomèt distans ak zòn nò kapital la, Tunis. Dapre kèk sous militè nan Tunizi, lame ak kèk manm nouvo gad prezidansyèl la te repouse atak milisyen ki fidèl ak misye Ben Ali.