Accessibility links

Breaking News

Nouvo Lwa Eta Arizona Sou Imigrasyon an Antre ann Aplikasyon


Isit Ozetazini yon nouvo lwa sou imigrasyon ap antre ann aplikasyon jedi 29 jiyè 2010 la nan eta Arizona, men li pap gen ladan n kèk nan dispozisyon legal ki pi enpòtan yo.

Mèkredi 28 jiyè a yon jij pran yon desizyon pou l bloke aplikasyon kèk pati nan lwa a, sitou pati ki mande pou lapolis chache konnen si yon imigran ap viv legalman nan peyi a lè yo arete li e si yo sispèk li pa ta genyen bon jan papye imigrasyon.

Jij la bloke tou aplikasyon yon lòt pati nan lwa a ki mande pou tout etranje k ap viv nan eta Arizona mache tout tan ak dokiman imigrasyon yo sou yo. Pi fò imigran ilegal k ap viv Ozetazini se moun peyi Meksik. Anpil nan yo, tankou Daniel Rodriguez, te vini isit depi yo te tou piti.

Imigran Rodriguez di: " Mwen pat komèt okenn aksyon imoral si, lè m te gen 6 zan sèlman, mwen te antre isit ak paran mwen ; se pa mwen ki te pran desizyon pou m vini ; an fèt, mwen panse li imoral pou yon moun chache pini m pou sa."

Kèk ajan lapolis ak otorite lajistis nan Eta Arizona fè konnen yo pa kontan deske travay yo gen pou yo fè pou aplike lwa sou imigrasyon an pral koupe sou tan y ap bezwen pou yo fè lòt travay kòm responsab lajistis. Sepandan, Joe Arpaio, kòmandan polis awondisman Maricopa, nan Arizona, di tout otorite dwe fè respekte lwa federal yo.

"Se yon vyolasyon lalwa pou yon etranje viv isit ilegalman; e yon otorite dwe aplike lwa kont yon vyolasyon konsa tou patou Ozetazini, san bliye nan Eta Arizona."

Tout lòt pati nan lwa eta Arizona adopte a antre an aplikasyon jedi 29 jiyè a; sepandan obsèvatè yo prevwa òganizasyon k ap defann dwa imigran yo pral kontinye pran aksyon an jistis pou yo chache bloke aplikasyon tout lwa sa a.

XS
SM
MD
LG