Nouvo anbasadè ameriken an nan Afganistan, Ryan Crocker, fè konnen Etazini pa gen oken mache prese dèyè l pou l kite peyi a nan moman sòlda kowalisyon an kòmanse pati kite zòn nan lagè fin ravaje.
Ryan Crocker di diplomat yo, malgre pa gen oken ijans pou l soti lotbò a, Lezetazini pa enterese non plis tou pou l mentni kèk baz pèmanan nan Afghanistan.
Anbasadè Ryan Crocker prete sèman lendi 25 jiyè 2011 la pandan yon seremoni ki dewoule nan anbasad Etazini an, nan Kaboul.