Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Nan Betlehèm


Nouvèl Nan Betlehèm
Nouvèl Nan Betlehèm

Plizyè dizèn milye kretyen rasanble vandredi 24 desanm 2010 la nan vil Betlehèm pou yo selebre Nwèl la.

Dapre tradisyon an, Si-Jòdani se ta rejyon kote Jezi-Kri te pran nesans la. Nan seremoni k ap dewoule pandan jounen an, ou jwenn pwosesyon ki fèt chak ane e ki mennen pèlren yo sou Plas Krèch la, e Patriyach laten Fouad Twal kap dirije pwosesyon sa a se lidè spirituèl an-chèf Legkliz Katotolik Womèn nan Tè Sent la.

Apre sa, patriyachla ap gen pou l chante mès minui an nan Legliz Nativite a. Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, kite katye jeneral li nan Ramallah pou li ale nan Bethlehem vandredi 24 desanm nan .

Ajans nouvèl Haaretz fè konnen lidè palestinyen –ki deja pran lapawòl devan pèleren yo nan Betlehèm, di li espere ane k ap vini la a ap pote sekirite, estabilite ak endepandans pou pèp palestinyen an.

Avan sa, nan semèn nan, gouvènman izrayelyen an te pibliye yon pèmi ki otorize 500 kretyen kap viv nan Gaza (tèritwa ki anba kwontwòl mouvman Hamas la, ki pa byen ak Izrayèl) ale Betlehèm nan okazyon fèt Nwèl la.

XS
SM
MD
LG