Accessibility links

Breaking News

8 Jounalis Sid Koreyen Pral Asiste Dematèlman Enstalasyon Nikleyè Kore di Nò a


 Jounalis sid koreyen ki pral asiste demantèlman enstalasyon nikleyè Kore di Nò a. Foro: 23 me 2018.
Jounalis sid koreyen ki pral asiste demantèlman enstalasyon nikleyè Kore di Nò a. Foro: 23 me 2018.

8 jounalis sid koreyen sou wout pou yale nan Kore di Nò apre rejim Pyongyang nan bay pèmisyon ala dènyè minit pou gwoup la vin obsève dematèlman ton enstalasyon peyi a konn itilize pou fè tès nikleyè.

8 jounalis sid koteyen yo te gen pou pote kole ak yon gwoup tokay etranje ki soti isit Ozetazini, Lachin ak Larisi yè madi a.

Sepandan responsab gouvènmantal nan Kore di Sid gwoup jounalis pa li a te rate vòl li ta pral pran an, apre Pyongyang te derefize aksepte prezan yo 8 la sou teritwa li. Kounye a, manm laprès sid koreyen an pran direksyon Pinggur Ri a, kotw Kore di Nò deja fè 6 tès nikleyè.

XS
SM
MD
LG