Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire yon Lòt Misil Balistik


Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, kap gade lansman misil Hwasong a. Foto: 16 septanm 2017.
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, kap gade lansman misil Hwasong a. Foto: 16 septanm 2017.

Kore di Nò lanse, jodi madi 28 novanm 2017 la, yon misil balistik non-idantifye. Daprè otorite militè sid-koreyen ke laprès site, misil la te vwayaje nan direksyon lès e otorite yo ap fè analiz sou lansman sa a an kolaborasyon avèk lame amerikèn.

Pòtpawòl Pentagòn nan, Kolonèl Robert Manning, deklare: "Nou te detekte yon lansman misil ki te sòti petèt nan Kore di Nò. Nou va pote plis enfòmasyon sou sa o fi e a mezi enfomasyon sa yo ap disponib.

Yon otorite nan sèvis espyonaj Pengtagòn nan pale ak Lavwadlamerik pou l di devlopman sa a nan sitiyasyon an nan Kore di Nò pa etone Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG