Accessibility links

Breaking News

Rankont Entènasyonal O Kanada sou Dosye Nikleyè Nò-Koryen an


Sekretè ameriken an, Rex Tillerson, ak minis afè etranjè Kanada, Chrystia Freeland, nan Ottawa, Ontario. Foto : 19 desanm 2017.
Sekretè ameriken an, Rex Tillerson, ak minis afè etranjè Kanada, Chrystia Freeland, nan Ottawa, Ontario. Foto : 19 desanm 2017.

Sekretè deta ameriken an, Rex Tillerson, minis afè etranjè Kanadyen an, Chrystia Freeland, ak delege 20 lòt peyi ap patisipe nan rankont sa a.

Lezetazini ak Kanada ap organize, pandan jounen madi 16 janvye 2018 la, nan vil Vancouver o Kanada, yon rankont kote patisipan yo ap santre atansyon yo sou presyon yap fè sou Kore di Nò pou l kite pwogram zam nikleyè li a tonbe.

Sekretè deta ameriken an, Rex Tillerson, ak minis afè etranjè Kanadyen an, Chrystia Freeland, ap rankontre delege ofisyèl 20 peyi pou yo anvizaje yon fason pou yo aplike sanksyon yo pi byen e anpeche Kore di Nò eskive konsekans dispozisyon Nasyonzini pran kont li yo.

Direktè planifikasyon Depatman Deta a, Brian Hook, ki tap pale anvan rankont la, fè konnen lidè yo vle montre gen mwayen diplomatik pou rezoud sitiyasyon an, alòske dirijan lòt peyi panse pa pral gen deba sou okenn opsyon diplomatik nan rankont la.

XS
SM
MD
LG