Sekretè-Jeneral L’ONU an Ban Ki-moon nonmen diplomat chilyen Mariano Fernandez kòm nouvo Reprezantan Espesyal ann Ayiti e kòm chèf sivil MINUSTAH (Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti).
L’ONU anonse nominasyon msye Fernandez lendi 16 me 2011 la. Li pral ranplase diplomat gwatemaltèk Edmond Mulet k ap rive nan fen manda li nan dat 31 me pwochen. Mesye Mulet te retounen Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la pou l te ranplase Hedi Annabi, ki te pèdi lavi li nan gwo soukous la.
Mariano Fernandez te minis afè etranjè chilyen sa gen 2 zan e li te sèvi kòm anbasadè nan plizyè peyi, tankou Lèzetazini, Lagrand Bretay, Lespay, Itali ak Inyon Ewòp la. Li te etidye dwa nan Santiago Chili, ak metòd rechèch syans sosyal nan vil Bòn, ann Almay.
Nouvo Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral L’ONU an genyen 66 zan, li marye e li genyen 3 pitit.