Accessibility links

Breaking News

Ameriken Richard H. Thaler Jwenn Pri Nobèl 2017 pou Ekonomi


 Richard H. Thaler, pri Nobèl 2017 pou Ekonomi an, ki rele ofisyèlman Pri Sveriges Riksbank Prize.
Richard H. Thaler, pri Nobèl 2017 pou Ekonomi an, ki rele ofisyèlman Pri Sveriges Riksbank Prize.

Richard H. Thaler ranpòte Pri Nobèl 2017 pou Ekonomi a ki rele ofisyèlman Pri Sveriges Riksbank Prize nan Syans Ekonomik pou raple Memwa Alfred Nobel.

Komite pri Nobèl la anonse pri a e fè konnen li chwazi Mesye Thaler pou kontribisyon l nan ekonomi ki gen rapò ak konpòtman moun, nan chache konprann konsekans desizyon ki baze sou rezònman limite, preferans sosyal, ak kontwòl ke moun manke mete sou tèt yo.

Mesye Thaler montre kouman "trè" sa yo ki parèt lakay moun gen efè jeneral sou desizyon ke yap pran, ak rezilta yo sou mache yo,” pou repete akademi an ki nan peyi Suyèd. Mesye Thaler te pran nesans an 1945 nan East Orange nan eta New Jersey e te pran doktora an 1974 nan Inivèsite Rochester nan eta New York. Li anseye ekonomi ki baze sou konpòtman, nan Fakilte Biznis ki nan Inivèsite Chicago nan eta Illinois. Pri Nobèl Ekonomi an mache ak 1 milyon 100 mil dola.

XS
SM
MD
LG