Accessibility links

Breaking News

NOAA di 2021 Sete 6èm Ane Pi Cho yo Anrejistre

Esta imagen satelital proporcionada por la Administración Nacional Oceánica y Atmosférica de Estados Unidos (NOAA) muestra a la tormenta tropical Pamela en el Pacífico mexicano la mañana del lunes 11 de octubre de 2021.

Nan 2 rapò separe, ajans yo fè konnen tout chif pa-yo endike se 8 lane ki pase-yo ki pi cho nan achiv tan modèn yo. Yo di tou tanperati mondyal yo an 2021 te 0.85 degre santigrad anplis de tanperati 20èm syèk la an mwayèn.

NOAA (Administasyon Nasyonal pou Atmosfe ak Oseyan an) fè konnen ke ane pase sete 45èm lane depi 1977, kote tanperati mondyal yo te moute pi wo pase tanperati mwayèn 20èm syèk la.

Chif nan ajans sa yo moutre ke tanperati mondyal yo, an mwayèn sou yon peryòd 10 lane, yo preske 1.1 degre santigrad pi cho pase tanperati ke yo te anrejistre, sa gen 140 an.

Chèchè sou klima a nan NASA Gavin Schmidt di ajans nouvèl Associated Press ke tandans k-ap dire a, li "byen klè. E se akoz nou menm. E sa p-ap sispann toutotan nou pa sispann ogmante gaz kabonik nan atmosfè-a.

XS
SM
MD
LG