Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Etazini an nan Nasyon Zini Nikki Haley Anonse Demisyon l


Anabasdè Etazini a nan Nasyon Zini Nikki Haley, a goch ak Prezidan ameriken Donald Trump nan Lamezon Blanch. Washingoton, 9 oktòb 2018. . (Foto: AP/Evan Vucci)
Anabasdè Etazini a nan Nasyon Zini Nikki Haley, a goch ak Prezidan ameriken Donald Trump nan Lamezon Blanch. Washingoton, 9 oktòb 2018. . (Foto: AP/Evan Vucci)

Gwo anons la se demisyon Anbasadè Etazini nan Nasyon Zini Nikki Haley kap kite pòs li nan finisman ane a. Vrèman vre, Prezidan Donald Trump konfime nouvèl la pandan yon rankont ki dewoule jodi madi 9 oktòb 2018 la nan Lamezon Blanch.

Prezidan Trump ki aksepte demisyon an, presize Madam Haley te fè yon travay “fantastik” e li se yon pèsonaj fantastik. Madam Haley li menm presize li pap kandida nan eleksyon prezidansyèl 2020 yo kontrèman ak rimè ki tap sikile sou anbisyon politik li.

Gen anpil deba kap fèt nan medya ameriken yo sou kijan pou yo enteprete demisyon sa a ki rive yon mwa anvan eleksyon mi-manda yo ki gen yon enpòtans kapital pou Prezidan Trump e pou pati Repibliken an .

XS
SM
MD
LG